2 Tesalonik 1:5
Print
¶ Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte koulye a, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa.
Tout bagay sa yo se prèv Bondye gen rezon nan jan li deside. Bondye ba w yon privilèj pou w montre kouman moun wayòm Bondye a viv. Soufrans ou jodi a se pou wayòm nan menm li ye.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International